Chaplèt Pou Teworis Ayiti
Aba Teworis Ayiti
Klike la
🚜 Denonse teworis yo lè ou wè yo

Aba Teworis
ann Ayiti

Si ou wè yon krim, si ou tande pale de yon krim, oswa si ou gen yon enfòmasyon ki kapab pwoteje lavi lòt sitwayen, tanpri denonse sa.

Gang yo sèvi ak vyolans
ak laperèz pou kontwole moun.

Vyolans ak laperèz pèdi fòs yo lè sitwayen yo pale youn ak lòt epi pataje sa yo konnen.

Baryè gang yo kraze
lè nou denonse yo

Desann pi ba
01
🚜 Ou kapab ede pwoteje Ayiti

Denonse sa ou konnen.
Pwoteje lavi nou.

1Si ou wè l
2Denonse l
3Pwoteje kominote nou

Men anpil, chay pa lou. “Yon sèl dwèt pa manje kalalou.” Sove Ayiti se travay nou tout.

02
🚜 Ou gen enfòmasyon?

Denonse l isit la.
Fè sa san ou pa mete tèt ou an danje.

  • Gwoup bandi k ap rasanble
  • Bandi oswa kidnapè k ap prepare yon aksyon
  • Barikad, anbiskad, oswa zam k ap deplase soti nan yon zòn pou ale nan yon lòt
  • Plan pou anvayi oswa atake yon zòn
  • Nenpòt enfòmasyon ki kapab ede pwoteje popilasyon an

Senpleman voye sa ou wè oswa sa ou tande. Menm yon ti detay kapab itil. Yon deskripsyon, yon kote, yon direksyon on lè kapab ede.

Pa janm al konfwonte yo. Denonse yo sèlman lè ou kapab fè sa san ou pa mete lavi ou an danje. Kite Lapolis fè travay li.

Tout mesaj ou voye ale dirèkteman nan yon bwat mesaj sekrè.

Tout mesaj yo rete prive epi yo ale dirèkteman sou yon WhatsApp sekirize.

Ou pa bezwen bay non ou.